Enskri sou Rejis Elektoral la, se dwa w, se responsablite w!

Enskripsyon yo tanmen nan tout peyi a

Peyi a ap prepare pou pwochen eleksyon yo. Se poutèt sa, Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) louvri operasyon enskripsyon sou Rejis Elektoral la.

Si ou gen laj pou vote epi ou ranpli kondisyon yo, pa rate opòtinite sa a. Enskripsyon w ap pèmèt ou patisipe nan chwazi dirijan ki pral pran desizyon pou avni peyi a ak kominote w.

Yon demokrasi solid bezwen patisipasyon tout sitwayen. Chak vwa konte, e chak enskripsyon se yon pa anplis pou konstwi yon Ayiti ki pi jis, pi estab, ak pi devlope.

Pa tann demen. Ale nan Sant Enskripsyon ak Vòt (CIV) ki pi pre w la, enskri, epi fè dwa sitwayen w respekte. Avni Ayiti depann de patisipasyon nou tout.

Publications similaires