Yon moman pou aprann, pou pataje ak diskite, Jou samdi 15 out 2026 la te vreman espesyal. 235 lane apre zansèt nou yo te reyini Mòn Wouj, pou pran desizyon epi defini estrateji sou ki fason pou yo kase tout chèn esklavajis, kolonyalis ak rasis sou tout fas tè a, nou te rasanble nan Pòdepè pou nou te gade ansanm kijan bèl egzanp sa te ka enspire nou nan kad responsabilite nou genyen pou nou fè Ayiti nou vle a menm jan Chinwa yo fè Chin yo te toujou vle a.
Chak panelis yo te pran swen pou yo raple Bwa Kayman se te plis yon rasanbleman, Politik, Militè, Mistik, Espirityèl pase yon senp seremoni ki chita sou baz banbòch ak relijyon, yo tout ansanm te makònen lespri yo pou envite jenn gason ak jenn fanm vyeya tankou timoun pou chita dyaloge diskite epi pou angaje yo ansanm nan kad ideyal komen yo sipoze pousib pou lavni pèp ayisyen an.
Mouvman “Provincial” la ap envitew rete konekte ak li paske seri aktivite sa yo pap kanpe lap kominike ak ou byento kalandriye kozri, rankont ak fòmasyon politik li yo ki pral bay tèt yo angajman pou mete plis enfòmasyon nan dispozisyon kominote Ayisyèn nan pou li ka jwenn bousòl ki pral ede li jwenn chimen desten li.
“Se chinwa yo ki fè Lachin, se ayisyen ki pou fè Ayiti.”



















